jeudi 4 octobre 2012

GASTRIT



Gastrit la se yon enflamasyon pawa ki rekouvri anndan lestomak la. Se yon maladi ki frekan anpil nan peyi nou. Nou jwenn gastrit la sou de (2) fom :
  • Yon fom ki paret rapidman e ki evolye pandan kek edtan a kek jou (Gastrite aigue)
  • Yon lot ki evolye sou yon tan ki pi long (Kek mwa a plizye ane)


KEK FAKTÈ KI KOZ GASTRIT 

  • H. pylori ki se yon mikrob ki responsab anpil nan ka gastrit yo
  • Eksè nan manje (Nan yon resepsyon pa egzanp)
  • Eksè nan bwe alkol oswa lot sibstans ki ka irite lestomak la (kafe, tabak, epis, …)
  • Moun kap pran medikaman pou kalme doule san rete (Aspirin, Ibuprofen, ...)
  • Alèji a kek manje
  • Strès, gro operasyon chirijikal
  • Moun kap eseye touye tèt yo ki bwè asid batri oswa lot sibstans
  • Karans an vitamin B12, asid folik, ...


RAPÈL SOU ROL LESTOMAK LA NAN KO A

Lestomak la gen yon fom yon gro J. Li sitye nan rejyon epigastrik lan. Trou ki pou antre antre lestomak la rele CARDIA, lot ki soti an rele PYLORE. Lestomak la resevwa tout sak sot nan bouch lan ki desann nan ezofaj lan. Li jwe yon gro rol nan dijesyon an, li brase tout manje yo ansanm e kraze yo anvan yo desann nan res tib dijestif lan. Pawa lestomak lan gen anpek gland ladan l', sekresyon gland sa yo pemet lestomak la ranpli rol li pi byen.


KÈK SIY AK SENTOM KI PEMET NOU REKONET YON GASTRIT:
  • Doulè anba kè (rejyon epigastrik li)
  • Kè boule 
  • bouch pa gou 
  • Noze
  • Vomisman
  • Ko kraze


KOMPLIKASYON GASTRIT 
Konplikasyon gastrit yo vini lè moun pa janm wè doktè, oswa lè l' pa swiv konsey oswa trètman yo komsadwa.
  • Ilsè, ki se yonn nan gro konplikasyon Gastrit  
  • Emoraji (ilsè yo nan lestomak la ap senyen)
  • Pèforasyon
  • Kansè nan lestomak 
Kèk fwa, gastrit la evolye an silans, savledi moun la pa menm santi sa e tout bagay antre nan lod pou kont yo.

EGZAMEN KI KA BAY KÈK DETAY SOU GASTRIT LA
  • Sewoloji pou H. pylori
  • Endoscopie se yon egzamen ki pèmèt al gade andann lestomak pou wè si gen anomali nan pawa a oswa yon seyman kèlkonk


KOMAN PRIZANCHAJ GASTRIT LA FET :

Si yon moun prezante siy ak sentom nou te dekri piwo yo, li dwe al wè doktè.
Prizanchaj la fèt an fonksyon de koz Gastrit la. 

  • Si se yon medikaman oswa yon lot sibstans ki koz li, nou dwe kanpe sou yo.
  • Si se H. pylori ki koz li, nou dwe mete moun lan sou antibiotik.
  • Anti-asid, IPP yo (Inhibiteur de la pompe a protons : Omeprazole, lanzoprazole, ...), Panseman gastrik (Maalox, gastrogel) bay bon rezilta nan prizanchaj gastrit yo.

Nan kèk ka grav tankou :
  • Lè moun lan ap vomi anpil, yo dwe reyidrate l' an ijans
  • Lè moun lan ap senyen anpil, yo dwe transfize l'

Si gro doule yo, pran yon moun devan w', kisa w ka fe?
  • Ba li yon ti dlo sikre
  • Mennen l' lopital vit vit
  • Pa fose l' manje

Dyemy Dumerjuste
D4-FMSS-UNDH

Aucun commentaire: